Se nan yon anbyans chaje ak kè kontan, animasyon ak plizyè aktivite espirityèl ke Klèb Avantirye legliz Advantis Emmanuel Santo te selebre Jounen Mondyal Avantirye yo, soti 15 pou rive 17 me 2026, anba tèm :“Mache avèk Jezi.”
Depi vandredi aprèmidi, espas legliz la te deja pran koulè fèt ak prezans timoun yo ki te reyini pou yon espesyal ouvèti saba. Moman sa a te sèvi kòm premye etap pou lanse wikenn selebrasyon 37e anivèsè klèb Avantirye
Nan saba 16 me a, kilt adorasyon an te òganize nan yon fason diferan ki te make lespri manm legliz yo. Tout pwogram nan, soti depi nan lekòl saba, pou rive nan benediksyon final la te fèt nèt an kreyòl, lang tout Ayisyen konprann ak pale a. Repons ak gwo “Amèn” ki t ap monte nan tanp lan apre chak pwen te montre klèman jan manm legliz yo te apresye inisyativ la.
Klèb la, ki sou direksyon chèftèn Chinedia Fleuraguste, pa t limite selebrasyon an sèlman ak kilt adorasyon an. Nan aprèmidi , aktivite yo te kontinye ak yon pwogram espesyal ki te pote non “Festi-Kreyòl”. Dans, chan, cho paramilitè, jwèt, mayi bouyi ak fresko gratis te fè pati aktivite ki te anime pwogram nan. Timoun tankou granmoun te viv moman sa nan yon atmosfè ranpli ak kè kontan.
Pou boukle wikenn selebrasyon an, dirijan klèb la ansanm ak tout avantirye yo te reyini byen bonè nan dimanch 17 me a nan lokal Sunshine Academy pou yon jounen piknik. Aktivite sa a te pèmèt timoun yo viv dènye moman festivite yo nan yon anbyans ki te chaje ak pataj, rekreyasyon ak anpil kè kontan.
Yolgine Lafleur
MIPAH Magazine